Kijan TradingLakay mache?
TradingLakay se yon platfòm kote ou ka envesti lajan sou plizyè antrepriz, suiv evolisyon plasman ou epi dekouvri rezilta ou lè sesyon an fini. Tout tranzaksyon fèt an goud ayisyen (Gdes).
1. Kreye kont ou epi depoze lajan
Pou kòmanse, kreye yon kont ak nimewo telefòn ou. Ale nan « Bous mwen » pou depoze lajan atravè MonCash oswa NatCash. Apre verifikasyon ak validasyon pèman an, lajan an ap disponib nan bous ou.
2. Chwazi yon antrepriz epi fè plasman ou
Chwazi antrepriz ou prefere a pami sa ki disponib sou platfòm nan. Antre montan ou vle mete a, apati 10 goud, epi konfime plasman ou. Ou ka fè plizyè plasman selon kantite lajan ou genyen ak limit kont ou.
3. Swiv sesyon ou
Chak antrepriz gen yon koub ki montre evolisyon li an dirèk. Ou kapab suiv plasman ou nan seksyon « Plasman mwen ». Sesyon yo fini twa fwa, youn a 10è nan maten,yon lòt 5è nan aprèmidi ak yon dènye 11è nan aswè, lè Ayiti. Miz yo fèmen 15 minit anvan fen chak sesyon. Si miz yon sesyon gentan fèman, plasman w lan prale nan sesyon kap vini aprè a.
4. Tann fen sesyon an pou resevwa lajan ou
Depi ou konfime yon plasman, lajan sa a angaje nan sesyon an. Ou dwe tann sesyon an fini pou konnen rezilta final ou epi wè lajan ki atribye pou plasman ou antre nan bous ou. Ou pa kapab retire lajan yon plasman pandan sesyon an poko fini. Rezilta a ka pi wo oswa pi ba pase montan ou te mete a.
5. Retire lajan ou
Apre sesyon an fini epi plasman ou regle, ou kapab itilize lajan ki disponib nan bous ou pou fè lòt plasman oswa mande yon retrè Moncash oubyen Natcash. Ale nan « Bous mwen », chwazi « Retire » epi suiv enstriksyon yo. Demann retrè yo trete apre verifikasyon.
Sa ou dwe konnen
TradingLakay pa garanti okenn benefis. Chak plasman gen risk, epi ou kapab pèdi yon pati nan lajan ou. Se poutèt sa li enpòtan pou ou itilize sèlman yon montan ou kapab pèmèt tèt ou riske. Ou ka konsilte istorik plasman ou, suiv tranzaksyon ou epi jere kont ou nenpòt lè.
Avèk TradingLakay, se senp : chwazi yon antrepriz, mete lajan ou, suiv sesyon an epi tann li fini pou wè rezilta ou!